MHAVE

Prezantasyon

Sa ki konsène nou

Lide pou mete kanpe yon estrikti anndan gouvènman an kap gen pou jwe wòl entèfas ant pouvwa egzekitif la ak tout pitit peyi a kap viv nan lòt peyi yo, tap koumanse boujonnen depi nan fen lane 70 yo. Enpòtans kominote sa yo ki gaye prèske toupatou nan mond la vin genyen, kòd lonbrik yo ki mare ak peyi kote yo fèt e kantite yo ye nan peyi kote yap viv la, te oblije fòse otorite peyi yo konsidere yo tankou yon lòt pati nan popilasyon an.

Enfòmasyon detaye

Pati 1

Sepandan, Ayisyen kap viv lòtbò yo te sètoblije tann lane 1989 pou yo te rive genyen yon « Komisarya Ayisyen doutmè yo » ki te kreye. Lide sa te fè chimen l diran tout dis (10) dènye lane yo, sa ki vin bay Ministè Ayisyen kap viv lòtbò yo (MHAVE), nan dat 8 novanm 1994..

Pati 2

MHAVE te kreye apre tout konsta sa yo ki fèt sou enpòtans, fòs ak valè Dyaspora peyi a genyen nan lavi ekonomi ak sosyal peyi a yon senp Sèvis oubyen yon Direksyon pap menm rive satisfè atant yo ak sa yo ta vle.

Pati 3

Ministè sa , pliske li genyen yon karaktè ki ka fèl rejwenn plizyè lòt ministè nan sèvis lap bay yo, li reprezante prèske tout sèvis Leta osnon Gouvènman bay Dyaspora a. Li sèvi entèfas ant kominote yo ki nan dyaspora, ant Leta avèk kominote sa yo ki nan dyaspora a eksetera… MHAVE kanpe an bonjan fasilitatè pou fè koperasyon ant tout Ayisyen. Konsa avèk tout kominote Ayisyen sa yo ki toupatou nan mond la, MHAVE adopte yon vizyon ki senp epi ki klè avèk yon seri objektif ak politik ki reyalis, yo chita sou yon pakèt oryantasyon ki adapte, ki la pou amelyore kondisyon sosyal ak ekonomik kominote sa yo ki nan dyaspora nan benefis yon devlopman kap dire nan peyi a.

Rezime

Entèvansyon sa ap pran fòm nan ranfòseman kapasite konpatryòt nou yo ki nan dyaspora yo genyen, nan enplikasyon yo nan pwosesis ki marande ak devlopman kap dire pou peyi a ak nan reyentegrasyon politik, ekonomik ak sosyal yo.

Devwa biwo nan MHAVE

Home / About

Biwo Minis la responsab pou:

Biwo Minis la responsab pou:

  1. Asire reprezantasyon ofisyèl Enstitisyon Ministeryèl la epi, sou demann eksprès Premye Minis la, reprezantan Gouvènman an;
  2. Devlope politik sektè Ministè a nan kad politik jeneral Chèf Gouvènman an defini;
  3. c) Gide, dirije, kowòdone, kontwole, sipèvize ak evalye aktivite Ministè an;
  4. d) Devlope epi prezante bay enstans konpetan yo proje preliminè Bidjè Ministè a;
  5. e) Egzèse pouvwa li nan sipèvizyon ak kontwòl an akò ak lwa ak règleman ki an vigè;
  6. f) asire egzekisyon zak li siyen oswa kontresiyen yo;
  7. g) antre nan akizisyon piblik ak lòt kontra administratif nan non Ministè a ann akò ak lwa ak règleman ki an vigè;
  8. h) bay delegasyon pouvwa ak siyati selon sa lalwa etabli;
  9. i) nonmen, kote sa aplikab, sèten kategori fonksyonè sivil pa delegasyon Premye Minis la;
  10. j) prepare epi prezante bay Premye Minis rapò peryodik sou jesyon li;
  11. k) asire reprezantasyon Leta nan jistis pou zak ak reyalite ki gen rapò ak ajan Ministè a nan egzèse fonksyon yo;
  12. l) asire egzekisyon desizyon Konsèy Minis yo pran konsènan divès kominote ayisyen k ap viv aletranje;
  13. m) prezante bay Konsèy Minis yo pwojè preliminè lwa ak règleman sèvis teknik Ministè a prepare;
  14. n) egzèse tout lòt pouvwa Konstitisyon an, lwa ak règleman yo ba li.

Nan egzèse responsablite li yo, Minis la gen strikti sipò sa yo, ki fòme biwo li:

  1. yon kabinè;
  2. yon Sekretarya Prive.

Misyon ak Objektif MHAVE

Misyon MHAVE se 

  • Fòmile politik piblik pou entegrasyon ayisyen kap viv lòt bò yo nan vi nasyonal la
  • Konsidere tankou “Ayisyen” tout moun ki gen paran ayisyen ki fèt nan on lòt peyi ki idantifye a kilti ,idantite  ak vale ayisyen epi fasilite enplikasyon yo nan vi nasyonal la.
  • Elabore politik piblik pou asire misyon fasilitasyon pou envestisman ak enplikasyon dyaspora a.
  • Fè pwomosyon ,oryante epi fasilite koperasyon ant ayisyen kap viv lòt bò yo ak sa ki nan peyi pou patisipe toutbon nan pwosesis devlopman peyi a
  • Asire koneksyon peyi a ak tout pitit li yo a kap viv lòtbò toutjan
  • Rive reponn ak atant dyaspora a pandan nap fasilite yo epi pote pawòl yo bay gouvènman an
  • Ede nan enplikasyon ak reyentegrasyon dyaspora a nan lavi sosyal, ekonomik ak politik peyi a

Testimonial

What People Think and experienced

Minds Behind "Kids Connect" Walls

By in no ecstatic wondered disposal my speaking. Direct wholly valley or uneasy it at really. Sir wish like said dull and need make. Sportsman one bed departure rapturous situation disposing his. Off say yet ample ten ought hence. Depending in newspaper an september do existenc.
Jade Bennett

Jade Bennett

Founder
Luther Owen

Luther Owen

Psychologist
Willie Barnes

Willie Barnes

Business Manager
Emilie Lindsay

Emilie Lindsay

Administrator